
Hal S. Knowles, III, Kathleen C. Ruppert, Karla A. Lenfesty, ak Barbara Haldeman2
Pou moun kap viv nan Laflorid, siklòn se youn bagay nòmal. Chèché jwen kat zòn majè ki kòz kay tonbé souvan anba gwo fòs van siklòn. Bon jan preparasyon kont siklòn ap mété enplas pou fè zòn sa-yo pi solid.
Pou nou aprann plis sou bagay sa-yo, mandé yon responsab nan Estansyon Koperatif Konté-a pou tout dokiman individyel nan seri-a.
Tout fanmi fèt pou genyen yon bwèt ki genyen manjé ak dlo an rezèv anvan siklòn nan vini. Chak 6 mwa ou mété manjé ak dlo nèf. Anba-a nap jwen youn lis ki ap édé nou preparé kò-nou si nou genyen pou nou kité ou rété la kay nou:
Manjé pou sèt jou ki pa bezwen kenbé nan frigidè ou ki bezwen kwit.
Dlo pou sèt jou (yon galon pou chak moun pa jou.
Rad pròp pou chak jou ak soulyé.
Bagay pou nou dòmi (kouvèti, zoryé, etc.).
Bagay pou fè twalèt nou (bròs a dan, pat dantifris, savon, deodorant, bagay pou lave tèt, etc.).
Lajan cach (An ka ké machin/ bank fèmen).
Medikaman (remèd nòmal ak preskripsyon).
Vwati kape maché enfòm ak youn tank gaz.
Radyo (ki maché ak batri ou ak chenn).
Flach (ki maché ak batri ou ak chenn).
Batri.
Zouti (pou ranje ti pwoblèm nan machin ak kay).
Dokiman enpòtan nan yon bwèt ki pap pran dlo (papyé doktè, asirans, kat sosyal, etc.).
Bagay pou okipe bèt nou (manje, dlo, kalòj, chenn, papye vaksen, etc.).
Nenpòt ki lòt bagay enpòtan.
Tout prekosyon sa-yo kapab pote lekonomi nan asirans nan Laflorid. Alé nan konpitè gadé enfòmasyon kap palé dé Kominoté Nan Depatéman Laflorid: http://www.floridadisaster.org/mitdb/
Pou ou jwenn lòt enfòmasyon sou preparasyon pou kay ouswa fanmi pandan siklòn, nou rekòmandé ke nou al gade nan lòt kote sa yo:
Inivèsité Laflorid| Liv Dou Dezast http://disaster.ifas.ufl.edu/.
Inivèsité Laflorid | Preparasyon Pou Siklòn Pou Lakou
http://hort.ifas.ufl.edu/woody/wind-research.shtml
Alyans Federal Pou Kay Ak Sekirité www.flash.org.
Federal Emergency Management Agency | Prevansyon Pou Dezast Ak Bibliotèk Pou Preparasyon
Divizyon Laflorid Pou Manajman De Sekou | Paj Enfòmasyon www.floridadisaster.org/
Enstiti pou Sekirité Biznis ak Kay http://www.disastersafety.org/
Dokiman sa-a se Pati (ABE374HAI)1 dé 5 nan Edikasyon + Aksyon = Coleksyon Kontwol Dega Van. Dat piblikasyon: Novanm 2005. Re sètifye 2010
Hal S. Knowles, III, rechèch associate, Pwogram pou Resous Bon Jan Kominoté; Kathleen C. Ruppert, Ekstansyon syantis, Sévis Estansyon Enèji Laflorid; Karla A. Lenfesty, espesyalis kontwol eega van siklòn, Estansyon Kopératif pou Konté St Lucie, Enstiti pou manjé ak Syans Agrikiltirèl,Inivvèsité Laflorid; Barbara Haldeman, asistan editè, Sèvis Estansyon Enéji Laflorid.
Pwogram Kado nan Depatéman Laflorid sou Afè Kontwol Konstriksyon Rezidans nan Kominoté-a péyé yon pati nan piblikasyon-an.
The Institute of Food and Agricultural Sciences (IFAS) is an Equal
Opportunity Institution authorized to provide research, educational
information and other services only to individuals and institutions
that function with non-discrimination with respect to race, creed,
color, religion, age, disability, sex, sexual orientation, marital
status, national origin, political opinions or affiliations.
For more information on obtaining other extension publications,
contact your county Cooperative Extension service.
U.S. Department of Agriculture, Cooperative Extension Service,
University of Florida, IFAS, Florida A. & M. University Cooperative
Extension Program, and Boards of County Commissioners Cooperating. Nick T. Place,
Dean.