
Hal S. Knowles, III, Kathleen C. Ruppert, Karla A. Lenfesty ak Barbara Haldeman2
Pòt bay bonjan aksè pou rentré ak sòti nan kay. Sepandan, gwo van kapab fé wout pou domaje siklòn.
Yon bon pòt genyen twa gon ak yon seri ki gen yon bout fè de youn pous. Bout fé-a gen pou li rantré nan ankadreman mi-an dèyè tèt pòt la.
Bon pòt egalman ouvri sou deyò kay la. Bon jan pòt gen pou fèt ak fè ouswa bwa ki solid, Mété panno sou pòt ki genyen nenpòt ki fenèt sou li.
Pòt doub, kankou pòt Fransé bezwen plis pwoteksyon. Sa ki fè sa, se paske pòt la dé fwa pi laj ke pòt senp.
Nou gen dwa fè pòt doub-la plis rezistan nan van-an si nou mete yon bon jan bawo en fè sou bò ki pa ouvri-a. Bawo fè–a gen pou enstalé nan tèt ankadreman pòt-la rantré nan mi-a ak youn lòt ke ou mete anba pòt la atè-a nan siman-an.
Nòmalman pòt remize fèt ak panno fen tankou fèy tòl ki kouvri yon bon lajè pòt nan devan yon kay. Anba kondisyon lè gro van ap soufflé pòt sa-yo pa kapab kenbé.
Gro van gen dwa kòz pòt remize-lan pou tonbé andedan kay-la ouswa sòti nan trak-li. Kou sa rive van gen dwa rantré andedan kay-la. Van-an lè sa-a kréye yon gro fòs andedan kay-la ki lè sa gen dwa raché fenèt, pòt, miray, ak do-kay-la.
Si ou rete nan yon kay ki ansyen ou fèt pou mete sipò ouswa chanjé pòt remize-la. Nou gen dwa mete sipò antravè enstalé nan mitan chak panno pòt-la pou ranfòse pòt ki la deja-a.
Pou plis fòs, ou gen dwa tou enstalé sipò vètikal ki kapab kouvri tout longè pòt-la. Sipò-yo gen pou byen rantré atè-a é anlè pòt-la nan miray-la. Sipò sa-yo gen dwa sòti lè ou pa bezwen li.
Trak pou pòt remize sa-yo kapab yon lòt gwo pwoblem kap bezwen sipò tou. Jan ke li parèt nan foto ki anba paj-la sou bò dwat-la, yon trak ki pa gen sipò gen dwa ployé. Lè sa-a pòt remize-la gen dwa soti nan miray-la.
Pafwa, ésaye ranje ansyen pòt rémize pou fè yo pi rezistan pou van gen dwa yon jòb ki trè difisil. Li ta fè plis sans si ou ta bay kontraktè kalifyé enstalé sipò nesésè ouswa chanjé pòt remize-la.
Si ou ta déside fè travy-la oumemm, pa blyé ke pòt-la pral vini pi lou. Sa kapab yon rézon pou chanjé motè ki pou ouvri pòt-la.
Lè na pé mété sipò nan pòt remize-la, sonjé pou ou kouvri tout fenèt ki sous pòt-la ak panno tòl pou pwotéjé vit-la. Piga achté pòt remize ki genyen vit ladan yo.
Si sé pwoteksyon ki piwo-a ké ou vlé, fòk ou achté pwodwi ké Konté Miami-Dade di ke ou kapab itilizé (gadé nan adrès pwodwi ke nou bay anba-la).
Alyans Federal Pou Kay Ak Sekirité www.flash.org
Federal Emergency Management Agency | Prevansyon Pou Dezast & Bibliotèk Pou Preparasyon
Enstiti pou Sekirité Biznis ak Kay http://www.disastersafety.org/
Konté Miami-Dade | Obeyisans Règ Bilding Pou Chèché Pwodwi
Sous: Bryant Fukutomi, Honolulu Star-Bulletin
Dokiman sa-a se pati (ABE378HAI) 5 dé 5 nan Edikasyon + Aksyon = Coleksyon Kontwol Dega Van. Dat piblikasyon: Novanm 2005. Re sètifye 2010.
Hal S. Knowles, III, rechèch associate, Pwogram pou Resous Bon Jan Kominoté; Kathleen C. Ruppert, Ekstansyon syantis, Sévis Estansyon Enèji Laflorid; Karla A. Lenfesty, espesyalis kontwol eega van siklòn, Estansyon Kopératif pou Konté St Lucie, Enstiti pou manjé ak Syans Agrikiltirèl,Inivvèsité Laflorid; Barbara Haldeman, asistan editè, Sèvis Estansyon Enéji Laflorid.
Pwogram Kado nan Depatéman Laflorid sou Afè Kontwol Konstriksyon Rezidans nan Kominoté-a péyé yon pati nan piblikasyon-an.
The Institute of Food and Agricultural Sciences (IFAS) is an Equal
Opportunity Institution authorized to provide research, educational
information and other services only to individuals and institutions
that function with non-discrimination with respect to race, creed,
color, religion, age, disability, sex, sexual orientation, marital
status, national origin, political opinions or affiliations.
For more information on obtaining other extension publications,
contact your county Cooperative Extension service.
U.S. Department of Agriculture, Cooperative Extension Service,
University of Florida, IFAS, Florida A. & M. University Cooperative
Extension Program, and Boards of County Commissioners Cooperating. Nick T. Place,
Dean.